Accessibility links

Breaking News

'Nap Apiye'w' Biden di Moun Louizyann ke Ouragan Ravaje


Prezidan Joe Biden patisipe nan yon rankont sou repons gouvenman federal la apre dega Ouragan Ida koze nan Pawas St. John, vil LaPlace, Louizyann, 3 Sept. 2021.
Prezidan Joe Biden patisipe nan yon rankont sou repons gouvenman federal la apre dega Ouragan Ida koze nan Pawas St. John, vil LaPlace, Louizyann, 3 Sept. 2021.

Mwenske yon semèn apre Ouragan Ida ravaje kot etazuni ki bay sou Golf Meksik la, Prezidan Joe Biden vwayaje nan eta Louizyann pou'l gade de pre dega Ida koze epi ofri asistans gouvenman federal la.


Devastasyon an te klè nan moman prezidan an tap pwoche Nouvèl Orleyan abo Air Force One, avyon prezidansyèl la, kote li te wè pye bwa ki rache, ak prela ble ki kouvri twa kay yo.

Sou wout pou'l al LaPlace kote Prezidan Biden te pale ak responsab lokal yo sou sityasyon aktyèl la li te ka wè mosso bwa ki kenbe fil elektrik.

"Mwen pwomèt nou ke nap apiye'w," Biden deklare nan komansman rankont la.

XS
SM
MD
LG