Accessibility links

Breaking News

Apre Ida, Kek Ti Siy Pwogre Nan Louizyann


Apre pasaj Siklon Ida, moun fe la ke pou resevwa manje ak glas nan yon sant distribisyon, Mekredi 1 Septanm, 2021.
Apre pasaj Siklon Ida, moun fe la ke pou resevwa manje ak glas nan yon sant distribisyon, Mekredi 1 Septanm, 2021.

Moun eta Louizyann ke Siklon Ida frape di komanse we ti siy pwogre nan moman jefo pou rekanpe sou 2 pye yo pap fasil ditou ditou. Apepre 11,000 sitwayen nan vil Nouvel Orleyan gen kouran jodia. Men otorite yo di sa taka pran kek semenn anvan pou tout abitan vil la gen kouran. Yo di gen plis pase yon milyon kay ak komes nan Louizyann ak Mississippi ki poko gen kouran.

Kek zon ki pi ba pase nivo lanme a toujou anba dlo inodasyon. Y'ap tann dlo a rekile pou pemet kamyon chaje ak manje, dlo epi materyo konstruksyon rive jwenn yo.

Pandansetan, moun yo ap mouri chale ak imidite. Nan Nouvel Orleyan, gen kek moun ki rasanble sou yon teren basketbol kote vantilate ap soufle pou pran yon ti souf pandan y'ap chaje telefon yo.

XS
SM
MD
LG