Accessibility links

Breaking News

Ouragan Ida Pedi Fos Men Li Rete Yon Menas


Yon seksyon Katye Franse a kote Ouragan Ida rache twa a, Lendi 30 Out, 2021.
Yon seksyon Katye Franse a kote Ouragan Ida rache twa a, Lendi 30 Out, 2021.

Ouragan Ida pedi fos pou'l tounen kounyea yon tanpet twopikal men li toujou puisan ase pou'l trakase vil Nouvel Orleyan ak lot vil ki nan zon eta Louizyann. Sant Nasyonal Ouragan anfe konnen Ida lakoz gwo lapli, van epi inodasyon nan sides eta Louizyann ak rejyon sid Mississippi.


Entergy - konpayi elektrisite ki jere kouran pou vil Nouvel Orleyan fe konnen Dimanch akoz entansite katastwofik ouragan Ida, tou le 8 sikui ki dispoze elektrisite pou vil Nouvel Orleyan an pann. Konpayi a di sitwayen yo pap gen kouran jodia, men y'ap travay di pou jwenn yon solusyon.

Blakawout la afekte tou kek rejyon eta Mississippi. Ant Louizyann ak Mississippi gen plis pase yon milyon moun ki nan fe nwa.

Bone maten an sant kominikasyon dijans Nouvel Orleyan an pibiye yon mesaj sou kont Twitter li a pou fe konnen sistem repons 911 pou ka dijans vil la pap fonksyone. Li mande moun kap fe fas ak ijans pou yo chache stasyon ponpye oubyen polis.

XS
SM
MD
LG