Accessibility links

Breaking News

Moun Louizyann Ap Fe Preparasyon pou Siklonn Ida


Michael Richard yon anplwaye restoran Creole Cuisine Restaurant Concepts ap klouwe fenet Crescent City Pizza sou avni renome Bourbon Street nan Katye Franse Nouvel Orleyan.
Michael Richard yon anplwaye restoran Creole Cuisine Restaurant Concepts ap klouwe fenet Crescent City Pizza sou avni renome Bourbon Street nan Katye Franse Nouvel Orleyan.

Meteyowolojis yo lanse avetisman bay moun ki abite sou kot eta Louizyann pou yo kouri vit fe preparasyon pou siklon Ida kap pwoche nan moman lap entansifye.

Siklonn nan pote ave'l van kap soufle ak yon vites apepre 190 kilomet ale e li sipoze frape ta dimanch swa.

Yon konbinezon evakyasyon volonte ak mandatwa efektif pou vil ak kominote nan rejyon an - pami yo vil Nouvel Orleyan, kote majistra a pase lod bay sitwayen yo pou yo evakye katye ki sitye tou pre baraj vil la.

Men puiske siklonn nan pran elan rapidman, Majistra LaToya Cantrell deklare li pa posib pou egzije moun yo evakye vil la konpletman.

XS
SM
MD
LG