Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Lwizyann Vandredi Pou L Konstate Dega Siklonn Ida Koze


Moun sa yo ap mache sou yon wout ki inonde apre pasaj Ouragan Ida, Mekredi 1 Septanm, 2021.
Moun sa yo ap mache sou yon wout ki inonde apre pasaj Ouragan Ida, Mekredi 1 Septanm, 2021.

La Mezon Blanch fe konnen Prezidan Joe Biden pral vizite eta Louizyann pi ta semenn sa a pou l we ak pwop je li dega Siklonn Ida fe nan eta a. Sete 5e siklonn pi puisan ki frape Etazuni. Ida te pote ave'l van kap soufle ak yon vites 240 kilomet ale e li koze plizye milya dola dega, ansanm ak inodasyon.

Vizit Vandredi a ap kotire yon semenn difisil pou prezidan an apre depa kawotik fos milite Etazuni yo nan peyi Afghanistan, ak lanmo 13 milite ameriken ki tap ede evakye moun soti nan peyi Azi di Sid sa a ansanm ak alye Etazuni.

Plis pase yon milyon kay ak komes nan Louizyann ak Mississippi rete san kouran apre Ida chavire yon rezo elektrisite prensipal. Vil Nouvel Orleyan te nan blakawout net. Se selman maten an ke vil la reprann kouran.

Dapre Mezon Blanch la, Prezidan Biden byen ranseye sou sakap pase ak move tan an e li pale plizye fwa ak gouvene eta ki afekte yo epi responsab lokal yo pou diskite sou preparasyon ak sa yo bezwen apre pasaj siklon nan.

XS
SM
MD
LG