Accessibility links

Breaking News

Eta New York ak Vil New York Viktim Gwo Dega ak Devastasyon Siklòn Ida Koze


Premye sekouris ki te itilize bato pou yo te pote sekou bay moun ki te bloke akoz gwo gren lapli, gwo dlo lavalas ak vouvari van nan zòn Mamaroneck, Eta New York.
Premye sekouris ki te itilize bato pou yo te pote sekou bay moun ki te bloke akoz gwo gren lapli, gwo dlo lavalas ak vouvari van nan zòn Mamaroneck, Eta New York.

"Prezidan Biden te rele nou. Li ofri nou tout konkou l; li pale plizyè fwa pou l di tout asistans posib Eta New York bezwen, l ap jwenn li.” Kathy Hochul, Gouvènè Eta New York

Otorite yo nan Eta New York ak vil New York ap fè demach pou yo jwenn asistans federal pou popilasyon divès lokalite ki viktim gwo dega ak devastasyon yo sibi pandan pasaj Siklòn Ida nan komansman semèn nan.

Majistra kominal vil New York la, Bill de Blasio, deklare:

"Sa nou dwe rekonèt, se le fèt ke kounyela a tanpèt yo rive sou nou san zatann e yo brital anpil. Tanpèt yo te tabli yon rekò sa gen 2 semèn e kounyela yo fèk tabli yon lòt rekò avèk gwo gren lapli ki tonbe yon fason nou pa t janm wè anvan sa. Se pi gwo apel nou ka resevwa pou di nou: Reveye nou.“

Nouvo gouvènè Eta New York la, Kathy Hochul, di depi tanpèt la te kòmanse kraze-brize nan eta l la, li pa sispann telefone biwo ak otorite li dwe telefone pou pote konkou ak sekou kote Ida komèt dega ak devastasyon.

Nouvo Gouvènè Eta New York la, Kathy Hochul. (Foto AP/Hans Pennink).
Nouvo Gouvènè Eta New York la, Kathy Hochul. (Foto AP/Hans Pennink).

“Sa gen kèk ti moman, mwen te nan telefòn avèk La Mezon Blanch. Prezidan Biden te rele nou. Li ofri nou tout konkou l; li pale plizyè fwa pou l di tout asistans posib Eta New York bezwen, l ap jwenn li.”

Senatè Chuck Schumer (D-N.Y.), bò kote pa l, fè konnen li pral fè tout sa k posib pou Eta a jwenn asistans federal li bezwen nan sikonstans sa a.

“Nou pral jwenn lajan pou mèt kay yo, pou sitwayen yo, pou mèt ti biznis yo ki ka pedi penkotidyen yo, epi lajan tou pou vil New York, pou Eta New York, pou tout gouvènman lokal yo. M ap pale de lajan ki nesesè pou n fè fas ak kalite kriz sa a.”

Nan mitan jounen jedi 2 septanm nan, Prezidan Joe Biden te parèt sou televizyon pou l pale presizeman de dega ak devastasyon Siklon Ida komèt anpil kote Ozetazini. Li di, antwòt, otorite yo nan Ajans Federal pou Sekou an Ka Dijans ak Ka Dezas la (FEMA) pral travay san pran souf pou pote asistans nan tout zòn peyi a ki bezwen asistans.

Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon repòtaj Lyonel Desmarattes.

Siklon Ida Fe Ravaj nan Eta ak Vil New York
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:15 0:00

XS
SM
MD
LG