Accessibility links

Breaking News

Minis Teritwa Outremè Fransè a Vwayaje nan Karayib la Pou Kalme Tansyon yo


Pointe-a-Pitre, kapital zile Guadeloupe, apre manifestasyon vyolan ki pete akoz pwotokol COVID-19 yo, 22 Nov. 2021.
Pointe-a-Pitre, kapital zile Guadeloupe, apre manifestasyon vyolan ki pete akoz pwotokol COVID-19 yo, 22 Nov. 2021.

Minis Fransè pou Teritwa Outremè yo pral diskite sou kriz ki genyen nan zile Karayib Lafrans yo apati Dimanch, dapre yon responsab. Gouvènman Franse ap eseye kalme tansyon yo apre plis pase yon semèn dezòd ki gen rapò ak fason Lafrans ap eseye jere pandemi COVID-19 la sou teritwa sa yo.

"Mwen pa kwè n'ap retounen Paris apre nou finn rezoud kriz la konplètman, men nou pral abòde pwoblèm nan piti pa piti, e sityasyon an va kalme apre nou louvri yon diyalog konstriktif ak aktè konsène yo," yon pwòch Minis Sebastian Lecornu di ajans nouvèl Reuters anvan delegasyon an te rive nan Gwadloup Dimanch 28 Novanm nan.

Yon plan vaksinasyon mandatwa pou travayè la sante yo te vekse popilasyon nwa Gwadloup ak Matinik yo. Yo move kou kong paske yo di Lafrans eskli yo epi pa ba yo ase enpòtans, malgre Lafrans adopte menm mezi a lakay li.

Kestyon an te deklanche manifestasyon epi chofe tet moun ki te deja vekse depi lontan ak Paris akoz kondisyon lavi yo epi relasyon yo ak gouvènman Fransè a ki pa bon. Manifestan yo ensiste pou di fòk yo gen dwa pran pwòp desizyon pa yo sou swen la sante.

Vandredi pase a, gouvènman an te ranvwaye pou pi ta, règ ki mande pou travayè sektè prive yo nan Gwadloup ak Matinik vaksinen kont COVID-19. Sepandan, responsab lokal yo mande plis diyalòg ak gouvènman santral la.

Yon Guadeloupeyen gade kamera a pandan lap pase devan yon barikad ki bloke otowout N1 nan Petit-Bourg, Guadeloupe, 23 Nov. 2021.
Yon Guadeloupeyen gade kamera a pandan lap pase devan yon barikad ki bloke otowout N1 nan Petit-Bourg, Guadeloupe, 23 Nov. 2021.


Nan Gwadloup, kote manifestasyon yo te kòmanse sa gen yon semèn desa, gen anpil mefyans bò kote pèp la vizavi fason gouvènman franse a jere kriz sante yo, apre anpil moun te ekspoze ak pestisid toksik ke yo te sèvi nan plantasyon bannann yo nan ane 70 yo.

Sepandan sendika yo nan Matinik siyen Samdi yon akò ak responsab lokal yo epi leta pou tanmen diskisyon sou kestyon kle tankou pa egzanp la sante, pri gaz, jenès la epi transpò.

Kouvre fe ki an plas yo ede retabli kalm pandan jou ki sot pase yo apre zak vyolans kote manifestan te boule magazen epi tire sou lapolis.

Lecornu deklare Samdi ke gouvènman an pare pou diskite sou kestyon otonomi a pou zile yo.

"Se pa yon mo sal nan Repiblik la," responsab la deklare. "Polinezi Franzèz le gen otonomi jodia, kote li vote pwòp lwa pa li, donk minis la disponib pou fè deba sou kestyon sa a."

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG