Accessibility links

Breaking News

Manifestan Atake Kòtèj Depite Claude Luc Guillaume nan Anse-a veau. Bilan 6 Mò; 4 nan Kan Depite a


Kawochou kap boule nan yon ri nan Gonayiv. Foto achiv: 14 jen 2019.
Kawochou kap boule nan yon ri nan Gonayiv. Foto achiv: 14 jen 2019.

6 moun mouri, yo boule machin depite Claude Luc Guillaume: se bilan yon ensidan ki rive nan Anse-à-Veau ak Petite Rivière nan okazyon yon manifestasyon popilasyon an t ap fè pou mande dlo potab.

Popilasyon an brile 4 pasaje ki sanble te nan machin depite a. Medya yo site direktè depatmantal Nippes la, Hyacinthe Louis Edner, ki fè konnen moun ki te nan machin nan ta ouvè kout zam sou foul la ki te bare wout la.

Fòs de lòd yo sezi 3 zam e yo arete 3 moun. Pami moun popilasyon an brile yo, gen 2 manm sekirite depite sikonskripsyon Petit-Trou de Nippes/Plaisance di Sid la.

XS
SM
MD
LG