Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Lanse Envitasyon pou yon Dyalòg ant Tout Sektè sou Kriz la


Manifestan anti-gouvènmantal kap mete barikad nan lari Pòtoprens. (Foto: AP/Edris Fortune) 10 jen 2019.
Manifestan anti-gouvènmantal kap mete barikad nan lari Pòtoprens. (Foto: AP/Edris Fortune) 10 jen 2019.

Prezidan Jovenel Moise lanse envitasyon bay diferan sektè nan sosyete a pou vin patisipe nan rankont diljans nan rezidans prive l pou diskite sou kriz la.

Prezidan Federasyon Pwotestan Dayiti a, Pastè Sylvain Exantus di li resevwa envitasyon an men federasyon an pap patisipe. Sekretè jeneral RDNP a Eric Jean Baptiste, ki ankouraje yon dyalòg ak tout sektè, di li pa resevwa envitasyon an.

Misye Jean Baptiste lanse yon inisyativ pou gen yon rankont ak tout sektè pou diskite e jwen yon solisyon ak kriz la. Misye Jean Baptiste di solisyon an pa nan vyolans.

XS
SM
MD
LG