Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Nouvèl Misyon Nasyon Zini, BINUH Pral Ranplase MINUJUSTH an Oktòb 2019


This Feb. 22, 2017 photo shows a U.N. peacekeeper's blue helmet balanced on a weapon in Port-au-Prince, Haiti.
This Feb. 22, 2017 photo shows a U.N. peacekeeper's blue helmet balanced on a weapon in Port-au-Prince, Haiti.

Nasyon Zini adopte yon rezolisyon pou l mete sou pye sa ki rele, "Bureau Integre Nations Unies en Haiti (ou BINUH), pou ranplase misyon ki la kounyela a Misyon Nasyon Zini Pou Kore Jistis ann Ayiti (ou MINUJUSTH).

Reprezantan espesyal òganizasyon entènasyonal la nan Pòtoprens pral dirije antite tou nèf sa a. Misyon li se trete kesyon ki gen rapò ak eleksyon, ranfòse kapasite lajistis ak polis nasyonal la, amelyore jesyon administrasyon penitansyè a epi redwi vyolans nan katye yo.

Rezolisyon an prevwa kreyasyon yon gwoup ki pou okipe l de kesyon politik ak bòn gouvènans, konsiltasyon sou sa ki konsène bòn gouvènans, lajistis, eleksyon ak refòm konstitisyonèl.

Manda BINUH an pral dire 12 mwa apati de 16 Oktòb 2019. Nasyonzini pral retire Ayiti nan chapit 7 l'ONU an apati de 16 Oktòb pwochen. Laprès site Minis Afè Etranjè ayisyen an, Bocchi Edmond, ki konsidere desizyon l'ONU an kòm yon bòn nouvèl poutèt pap gen fòs mentyen lapè nan peyi d Ayiti ankò

XS
SM
MD
LG