Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chanm Komès ak Endistri Ayisyano-Kanadyèn Apiye Apèl pou yon Vrè Dyalòg


Kawotchou kap boule nan Pòtoprens.
Kawotchou kap boule nan Pòtoprens.

Chanm Komès ak Endistri Ayisyano Kanadyèn di li sipòte apèl Relijyon pou Lapè lanse pou gen yon vrè dyalòg ak tout sektè peyi a dapre yon kominike. Egliz episkopal Dayiti mande Prezidan Jovenel Moise pou l tande apèl popilasyon an.

Dapre konferans la, pèp la swaf jistis ak meyè kondisyon lavi. Apèl sa yo ap lanse nan moman Prezidan Moise lanse apèl pou lapè, kalm ak dyalòg--demand opozisyon an rejte.

Jude Charles Faustin ki se youn nan konseye prezidan an deklare nan laprès prezidan Moise pap demisyone pandan l ap asime responsabilite l jistan manda l fini.

XS
SM
MD
LG