Accessibility links

Breaking News

Macron Re-Eli Prezidan La Frans


Prezidan Franse a Emmanuel Macron salye elekte yo ansanm ak madanm ni Brigitte Macron apre li re-eli prezidan Dimanch 24 Avril, 2022.
Prezidan Franse a Emmanuel Macron salye elekte yo ansanm ak madanm ni Brigitte Macron apre li re-eli prezidan Dimanch 24 Avril, 2022.

Apre li ranpote la viktwa pou yon dezyèm manda, PRezidan Franse a Emmanuel Macron deklare li gen entansyon rekomanse travay.

Envestiti li fikse pou 13 Me kap vini an, men li va fè fas ak eleksyon palmantè kritik kote gen anpil chans li pral goumen pou mentni majorite pati li a nan palman an.

Lidè a ki gen 44 an, gen entansyon vwayaje Berlen san pèdi tan, ann ako ak tradisyon kote nouvo prezidan eli Franse a toujou fè premye vizit etranje li nan Almay pou selebre amitye ant 2 peyi yo apre plizyè lagè.

Jefo pou mete fen nan lagè Ikrèn nan pral pami prensipal pwen diskisyon yo.

Li posib Macron va vwayaje tou nan Kyèv pou rankontre Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy.

XS
SM
MD
LG