Accessibility links

Breaking News

Lidè Gang 400 Mawozo a Menase Pou l Touye 17 Misyonè yo


Moun Titanyen pran lari pou manifeste kont kidnapping misyonè Christian Aid Ministries yo, 19 Oct. 2021.
Moun Titanyen pran lari pou manifeste kont kidnapping misyonè Christian Aid Ministries yo, 19 Oct. 2021.

Lide gang 400 Mawozo a ke Polis Nasyonal Ayiti di kidnape 17 misyone pibliye yon videyo sou rezo sosyal yo kote li di li pral touye yo si demann ni pa satisfè.

Videyo a, ki parèt sou rezo sosyal yo e ke yon jounalis ann Ayiti voye bay VOA Kreyol jodi Jedi a -- montre Wilson Joseph abiye ak yon kostim ble yon chapo ble ak yon chèn ki gen yon kwa nan kou li.

Nan videyo a, misye lanse menas kont Premye Minis Ariel Henry, Direktè Jeneral PNH la Leon Charles e li pale devan sèkèy nou paka wè nan videyo a kote li di gen plizyè manm gang li ke yo touye resaman.

400 Mawozo Menase Pou l Touye Misyone Li Kidnape yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:59 0:00


Nan Washington, jounalis yo te mande pot pawol adjwen lamezonblanch reyaksyon li sou pinga lide 400 Mawozo a.

Men sa Karine Jean Pierre reponn:

"Administrasyon an konstanre sou sa 24 sou 24, nou menm voye y on ekip ann Ayiti ki gen ladann responsab Depatman d'Eta kap travay sere sere ak FBI e se yomenm kap dirije jefo nou an menm tan yap kominike san rete ak Polis Nasyonal Ayiti, legliz misyone yo epitou gouvenman Ayisyen an. Nou pral fe tout sa nou kapab pou rezoud kestyon sa a - nap gade sekirite a ki se yon kestyon ki ba ou ke sote e ke nap diskite ak PNH la pandan nap eseye kore jefo yo epi mete pwogram an plas ki ka fe fas ak kalite sityasyon sa yo," Madan Jean Pierre deklare.

"Se yon gwo defi ki pral pran tan pou rezoud - men ann atandan nap fe tout sa nou kapab e mwen pa vle bay okenn lot detay pou pwoteje viktim yon epi pou rezon sekirite," pot pawol la ajoute.


Pi bonè semenn sa a Minis Jistis Ayisyen an te fè konnen gang lan mande yon ranson 1 milyon dola pou chak misyonè. Li pat klè si nan gwoup la yo konte 5 timoun yo - pami yo yon ti bebe ki gen 8 mwa. Nan gwoup misyonè a gen 16 Ameriken ak yon Kanadyen ke yo kidnape ansanm ak chofè yo ki se yon Ayisyen.

Pandansetan pitit fi chofè Ayisyen an di li pa kwè otorite Ayisyen yo aji ase vit pou jwenn misyonè yo.

"Mwen kwe yo pa vreman fe gwo efo pou eseye rezoud ka sa a le plu vit posib. Men mwen kwe kounyea gen presyon. Se youn nan bagay ke mwen di FBI ke gang yo papral sispann kidnape moun donk fonk nou pran aksyon desizif paske yo pral kontinye kidnape moun. Gade kounyea yo gen 17 moun nan men yo pami yo timoun piti," li di Associated Press, ki pa idantifye li pou rezon sekirite.

Kidnapping misyonè yo klere yon limyè sou pwoblèm kidnapping nan ann Ayiti e sa lakoz Lezetazuni mobilize plizyè resous pou eseye rezoud youn nan pi gwo ka kidnapping sitwayen Ameriken ki fèt depi plizyè zane.

Yon pati nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press. Korespondan VOA nan lamezonblanch, Anita Powell kontribye a repotaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG