Accessibility links

Breaking News

Depatman D'Eta Ap Travay Ak Ayiti Sou Kidnapping Misyone Ameriken yo


Timoun kanpe nan lakou orfelina Maison La Providence nan Ganthier, Croix-des-Bouquets, Ayiti, 17 Oct. 2021.
Timoun kanpe nan lakou orfelina Maison La Providence nan Ganthier, Croix-des-Bouquets, Ayiti, 17 Oct. 2021.

Yon pot pawol Depatman d'Eta Ameriken konfime bandi kidnape 17 moun - pami yo 16 sitwayen Etazuni Samdi nan Potoprens.

"Sekirite ak byenet sitwayen Ameriken ki a l'etranje se youn nan pi gwo priyorite Depatman d'Eta," pot pawol la fe konnen nan yon deklarasyon li voye bay Vwadlamerik pa kourye elektwonik.


Pot pawol la di Depatman d'Eta gen kontank "regulye" ak gwo responsab peyi d'Ayiti e yo pral kontinye travay ansanm epi kek lot ajans pou jwenn liberasyon moun sa yo.

Pot pawol la pa bay okenn lot detay.

Se gang 400 Mawozo a ki kidnape gwoup la nan zon Ganthier a l'es Potoprens. Gang sa a, ki kontwole zon Croix-des-Bouquet a te kidnape 5 pret ak 2 me relijez pin bone ane sa a.

Christian Aid Ministries, yon gwoup pwotestan ki gen katye jeneral li nan eta Ohio Ozetazuni di Associated Press gwoup yo kidnape a te gen yon Kanadyen, 5 timoun, 7 fanm ak 5 gason. Oganizasyon an di yo tap vizite yon orfelina nan moman yo kidnape yo.

"Pote kole ave nou pou lapriye pou otaj yo, kidnape yo ak fanmi epi zanmi ak legliz ki afekte yo, Christian Aid Ministries di nan yon deklrasyon li pibliye sou sityasyon an. "Antanke oganizasyon nou mete sityasyon sa a nan men Bondye e nou gen konfyans li va pwoteje nou."

Gwoup misyone a ofri klas sou la bib, li gen yon klinik epi li ede orfelen yo ak kultivate yo plante semans.

Kidnaping ogmante anpil ann Ayiti depi asasina Prezidan Jovenel Moise la nan rezidans prive li 7 Juiye pase a.

Korespondan VOA nan Depatman D'Eta Cindy Saine kontribye a repotaj sa a, yon pati nan enfomasyon an soti nan Associated Press.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG