Accessibility links

Breaking News

Abitan Titanyen Mande Liberasyon Misyone Ameriken Gang 400 Mawozo Kidnape


Manifestan nan Titanyen nan komin Kabare pran lari pou mande liberasyon misyone Ameriken gang 400 Mawozo kidnape Samdi pase a. (Foto: Matiado Vilme)
Manifestan nan Titanyen nan komin Kabare pran lari pou mande liberasyon misyone Ameriken gang 400 Mawozo kidnape Samdi pase a. (Foto: Matiado Vilme)

Abitan lokalite Titanyen, nan komin Kabare pran lari pou manifete jodia pou mande liberasyon misyone Ameriken bandi kidnape yo.

"San misyone sa yo anpil granmoun cheve blanch ou we la yo - timoun yo patap ka al lekol, san misyone sa yo, anpil nan granmoun sa yo, dlo tap gen tan ale avek kay yo, san misyone sa yo yo tap domi men yo patap ka leve - se yo k kouvri kay pou nou, se yo ki fe sa leta pa fe - se YO ki fe wout pou nou pou n fonksyone jounen jodia," yon manifestan ki pa idantifye tet li di VOA Kreyol.

Manifestasyon dewoule tou pre vil Kabarè kont kidnaping yon group misyonè
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:42 0:00

Misye fe konnen yo deside manifeste paske se nan zon yo dapiyanp sa a fet e yo pat ka rete endiferan devan ravise sa yo.


Yon lot manifestan, yon jen gason ki idantifye tet li kom Robert esplike poukisa li pran lari.

" Yo fe wout beton pou nou mache, yo ba nou gabyon avek kay nou ki prale nan ravin yo ba nou gabyon yo ba nou lanbade donk nou mande liberasyon misyone sa yo prese prese. E nou mande tout moun kap fe kidnapping - nou ti jen ki vle viv nan peyi nou," Robert deklare. Misye ajoute li oblije femen etid li akoz kidnapping sa yo akoz li pe pou yo pa ranmase l tou.

Manifestan yo di y ap ret nan lari toutotan gang lan pa lage misyone yo.

Se Samdi pase a gang 400 Mawozo te kidnape 17 misyone yo - 16 Ameriken ak yon Kanadyen nan moman yo tap vizite yon orfelina nan Ganthier.

Nouvo Minis Jistis Ayisyen an Liszt Quitel kite ministe a apre li finn prete seman nan Potoprens, Ayiti, 16 Sept. 2021.
Nouvo Minis Jistis Ayisyen an Liszt Quitel kite ministe a apre li finn prete seman nan Potoprens, Ayiti, 16 Sept. 2021.


Dapre Minis Jistis Liszt Quitel, ravise yo mande yon ranson $1 millyon dola pou chak viktim - pou yo total $17 milyon.

Nan Washington, pot pawol Lamezonblanch, Jen Psaki fe konnen gen yon operasyon k ap dewoule kote FBI ak lot responsab Ameriken ap kolabore ak lapolis Ayisyen pou jwenn viktim yo e pemet yo tounen lakay yo sen e sof.

Nan yon deklarasyon li voye bay VOA Kreyol pa email jodia FBI konfime lap mennen yon operasyon ann Ayiti men li di li paka bay okenn detay pou pwoteje entegrite operasyon an.

FBI di nou: "Akoz konsiderasyon nou dwe fè pa rapò ak operasyon an, nou pa ka bay plis enfòmasyon pou kounye a."

Manifestan nan Titanyen nan komin Kabare pran lari pou mande liberasyon misyone Ameriken gang 400 Mawozo kidnape Samdi pase a. (Foto: Matiado Vilme)
Manifestan nan Titanyen nan komin Kabare pran lari pou mande liberasyon misyone Ameriken gang 400 Mawozo kidnape Samdi pase a. (Foto: Matiado Vilme)


Pòtpawòl Lamezonblanch la, Jen Psaki, ajoute kèk detay lè li deklare:

"Rezon ki fè nou pa bay detay sou operasyon an se paske objektif nou se asire nou ke moun yo retounen lakay yo sen e sòf. E jeneralman li pa nan avantaj nou pou n bay detay presi sou pwosesis la pandan lap dewoule." Madan Psaki fè deklarasyon sa yo nan yon konferans pou laprès ki dewoule chak jou nan Lamezonblanch.

Se menm gang 400 Mawozo sa a ki te kidnape 5 prèt, 2 mè relijyez ak 3 manm fanmi youn nan pret yo nan mwad avril pase a. Yo te vin lage yo apre sa.

Vag kidnaping k ap fèt nan Potoprens te lakoz ayisyen mete yon grèv jeneral sou pye lendi 18 oktòb la. Biznis, lekòl ak transpò piblik te fèmen. Sendika yo ak kèk lòt gwoup te sèmante pou yo te kontinye grev la nan jounen madi a.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, fè konnen otorite ameriken yo gen kontak ak Polis Nasyonal d Ayiti, gwoup misyonè a epi ak fanmi viktim yo.

Pòtpawòl Nasyon Zini an, Stephane Dujarric, bò kote pa l, fè konnen zak vyolans gang yo ap komèt gen move konsekans sou efò imanite l ONU yo ann Ayiti. Daprè li, gouvènman ayisyen an ta dwe redouble efò l ap fè pou l pote refòm nan polis la epi bay PNH la resous ki nesesè pou l ka jere sekirite peyi a epi mennen ankèt sou tout krim ki fèt sou tèritwa nasyonal la.


Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell, Korespondan VOA nan Depatman d'Eta Nike Ching ak Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG