Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Byen Ranseye Sou Sityasyon Misyonè Ameriken yo, daprè Lamezon Blanch


Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, reponn kesyon laprès pandan yon rankont ak medya yo nan Washington, lendi 18 okt. 2021 an.
Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, reponn kesyon laprès pandan yon rankont ak medya yo nan Washington, lendi 18 okt. 2021 an.

Prezidan Joe Biden gen enfòmasyon sou sa k ap pase ak misyonè ameriken bandi kidnape ann Ayiti, dapre sa pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, di Vwadlamerik lendi 18 oktòb 2021 an.

Madan Paski fè konnen Prezidan an resevwa enfòmasyon plizyè fwa nan jounen an sou sa Depatman Deta ak FBI (Biwo Federal Envestigasyon an) ap fè pou pèmèt misyonè yo retounen sennesòf Ozetazini.

Daprè pòtpawòl la toujou, FBI fè pati yon efò kowòdone gouvènman ameriken an ap deplwaye pou prezève sekirite misyonè yo; men li pa bay plis detay pou pwoteje operasyon an.

Mezon Blanch Pa Di Si Etazuni Pral Voye Milite Ameriken Sove Misyone Ravise Kidnape yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:07 0:00


Jounalis yo mande Madan Psaki si Etazini ap anvizaje posiblite pou l voye militè ann Ayiti pou y al chache misyonè yo. Madan Psaki deklare:


"Se depatman defans la ki ta dwe reponn kesyon sa a - m ap pale de kòlèg mwen John Kirby. Pou kounye a, n ap konsantre efò nou sou responsab yo ann Ayiti ak FBI. N ap travay yon fason sere sere ak ekip diplomat nou yo nan anbasad nou nan Pòtoprens ; n ap kowòdone aksyon yo ak otorite lokal yo; nou pran kontak ak fanmi misyonè yo e n ap fè tout sa nou kapab pou n asire yo retounen lakay yo sennesòf. Mwen pa gen anyen pou m ajoute,"

Dapre Madam Psaki toujou, rezon ki fè ravisè yo sible Ameriken se yon rezon ki klè. Li deklare:

"Youn nan bagay nou ka fè remake sè ke efò pou kidnape sitwayen ameriken epi mande ranson pou libere yo, se yon bagay ki kouran; Ayiti se pa sel peyi kote sa fèt. Men yo vize sitwayen ameriken paske yo panse moun sa yo gen lajan pou peye ranson. Donk, se youn nan rezon Depatman Deta te lanse avètisman nan mwa dout la bay Ameriken ki prale ann Ayiti yo; paske kidnapping yo ap ogmante depi 2019."

Bò kote pa l, pòtpawòl Depatman Deta a, Ned Price, fè konnen anbasad amerikèn nan pran kontak ak polis nasyonal la, ak gwoup misyone yo, fanmi viktim yo e ak gouvènman kanadyen an. Li ajoute ke gen plizyè ajans gouvènman ameriken an k ap travay ansanm pou yo mennen ankèt sou ensidan an.


Pandansetan, nan Nouyòk pòtpawòl Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Stephane Dujarric, fè konnen ensekirite a gen move konsekans sou efò k ap fèt pou pote asistans imanitè bay Ayisyen ki nan nesesite yo. Dapre pot pawol la, Fernando Hiraldo, ki se Rezidan ak Kowòdonatè Asistans Imanitè Nasyonzuni an (UNDP) di ke zak vyolans, piyaj, barikad ak prezans gang ame yo poze obstak pou asistans imanitè a. Hidalgo deklare:

"Sitiyasyon an vin pi konplikek toujou akoz rate gaz ak mank pwodui premye nesesite yo."

Li ajoute non sèlman ensekirite a jennen rapidite entèvansyon imanitè yo, men li kreye nouvo bezwen imanitè. Dapre pòtpawòl la toujou, Sekretè Jeneral LONU an fè konnen li gen kèsote devan sityasyon an k ap deteryore plis chak jou ann Ayiti e li lanse apèl bay gouvènman ayisyen an ak Polis Nasyonal la (PNH) pou l mande yo redouble efò y ap fe pou yo kontre-kare fenomèn sa a.

----------------------------------------------------------------------------------------------------
Korespondan Lavwadlameriik nan Lamezon Blanch, Anita Powell, Korespondan VOA nan Depatman Deta, Nike Ching, ak Korespondan VOA nan Nasyon Zini, Margaret Besheer, kontribye nan repòtaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG