Accessibility links

Breaking News

Jefo Pou Libere 17 Misyone Bandi Ayisyen Kidnape Ap Trennen


Ayisyen nan Titanyen pran lari pou mande liberasyon misyone yo, 19 Oct. 2021.
Ayisyen nan Titanyen pran lari pou mande liberasyon misyone yo, 19 Oct. 2021.

Jefo pou libere 17 manm yon gwoup misyone ki baze Ozetazuni ak chofe yo antre nan 4em jounen li, kote gang 400 Mawozo a ap mande yon ranson $1 milyon pou chak moun.

Pami otaj yo gen 5 timoun ki gen ant 8 mwa ak 15 zan, malgre otorite yo pa finn konnen si ranson ravise yo mande a kouvri timoun yo tou.

16 misyone se Ameriken e gen yon Kanadyen. Christian Aid Ministries, ki gen katye jeneral li nan eta Ohio nan sant wes Etazuni, fe konnen li pral obseve yon jounen jen ak lapriye pou misyone yo Jedi.

Yon gwoup kap veye kidnapping ki fet ann Ayiti fe konnen yo anrejistre omwens 119 kidnapping nan pwemye mwatye mwad Oktob la. Gwoup la di chofe Ayisyen misyone yo se youn nan otaj 400 Mawozo kenbe.

XS
SM
MD
LG