Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Deplore Sitiyasyon Peyi Lock la ann Ayiti Ki Lakoz Vyolans ak Kreye Plis Ijans Imanitè


Anbasadè Etazini ann Ayiti Michele J. Sison. Foto: Paj Twitter Anbasad Etazini ann Ayiti. 12 novanm 2019.
Anbasadè Etazini ann Ayiti Michele J. Sison. Foto: Paj Twitter Anbasad Etazini ann Ayiti. 12 novanm 2019.

Anbasadè ameriken an nan Pòtoprens mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter pou l di:

" Ayiti ap travèse yon peryòd difisil nan istwa li. Peyi Etazini regrèt anpil sitiyasyon “peyi lock” la, ki lakòz vyolans, ki lakòz bezwen imanitè yo ap grenpe pi wo chak jou e ki lakòz pèp ayisyen an pa ka mennen aktivite l abitye mennen chak jou.

N ap kontinye ankouraje TOUT aktè yo, kit se aktè politik, kit se aktè ekonomik, kit se aktè nan sosyete sivil la pou yo chita ansanm, prese prese, nan jou k ap vini la yo, pou yo jwenn yon solisyon ant ayisyen, ki pa gen vyolans e ki demokratik."

Pandan wikenn pase a plizyè pati nan opozisyon politik te reyini ansanm kote yo pran yon sieyn yon pwopozisyon sotid kriz apre Prezdain Jovenel Moise ta fin remèt demisyon l sou pouvwa a. Pouvwa egzekitif la reyaji yon lòt fwa ankò pou di se nan eleksyon moun pran pouvwa nan yon sistèm demokratik.

Renald Luberice, Konseye Jeneral Konsèy dè minis Palè Nasyonal di nan mikwo Lavwadlamerik pa gen yon peyi omond kote demokrasi yon gwoup sitwayen deside yon bon maten ki fason pou pran pouvwa a. Dapre Mesye Luberice pa gen okenn pwovizyon konstisyonèl ki di yo ka chwazi yon jij nan kou kasasyon pou ranplase yon prezidan lejitim.

Koseye Palè Nasyon la, menm jan ak kominote entènasyonal la ta prefere wè solisyon kriz politik la soti nan yon dyalòg pou fòmasyon yon gouvènman pèmanan nan peyi a.

Opozisyon politk la bò kote pal pa antann chita pale ak Prezidan Jovenel Moise ki dapre yo pèdi lejimite popilè e pa kenbe pwomès li te fè pèp la pandan kanpay elektoral li.

XS
SM
MD
LG