Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Omwyen 2 Moun Mouri nan Manifestasyon Opozisyon an Pandan Wikenn nan


Yon manifestan kji sou yon moto ak yon mask nan figi l. Foto Achiv: Pòtoprends, Ayiti
Yon manifestan kji sou yon moto ak yon mask nan figi l. Foto Achiv: Pòtoprends, Ayiti

Pòtoprens, kapital peyi Dayiti, viv yon lòt wikenn cho ak manifestasyon eoi kawotchou ki tap boule tribò-babò. Jan lidè opozisyon politik yo te anonse la, plizyè milye patizan yo te reyini nann samdi nan Kafou Ayewopò yo rele kafou rezistans kote te demare yon manifestasyon pou kontinye mande depa Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a.

Youn nan lidè opozisyon an manm mouvman altènativ pou chanjman ak tranzisyon an ki se tou yon manm gwoupman politik Fanmi Lavalas di opozisyon an pap kite lari a toutotan Prezidan Jovenel Moise pa kite pouvwa a.

Militan politik, Réné Civil, bò kote pal denonse sa li rele zak entimidasyon pouvwa a ap fè kont li. Men li fè konnen li pap pran nan kraponnay. Réné Civil te nan lari a dimanch 27 oktòb la tou kote li te vin sipòtè mach polisye yo kap reklame pi bon kondisyon travay ak ogmantasyion salè.

Dapre konrespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé, nan mach opozisyon an dimanch 27 oktòb la 2 sitwayen ta pèdi lavi yo suit ak yon ensidan nan zòn Petyon Vil kote yon nèg ame ki ta swadizan yon polisye ta rale zam ni epi tire yon manifestan e an retou manifestan yo ta mete men sou sispèk la epi mete dife sou li. Nan yon video moun te ka remache nèg ame kote manifestan yo mete dife sou li.

Otorite polisyè yo poko bay okenn enfòmasyon sou kantite moun ki ta viktim pandan mach opozisyon an nan wikenn samdi e dimanch 26 ak 27 oktòb la ak si viktim anba men manifestan yo ta yo manm enstitisyon polisyè a.

Korespondan Lavwadlkamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé kontribye nan redaksyon atik sa a.

XS
SM
MD
LG