Accessibility links

Breaking News

Etazini Voye 2 Mil Tòn Manje pou Ede Ayiti Kap Fè Fas ak yon Kriz Sosyo-Politik


Pake manje ki ranje pou distribisyon ak etikèt USAID.
Pake manje ki ranje pou distribisyon ak etikèt USAID.

Gouvènman ameriken an voye 2 mil tòn asistans alimantè ann Ayiti nan jefò pou ede popilasyon an fè fas ak yon rate manje ki kapab frape peyi nan mwa k ap vini la yo.

Asistans sa a gen ladan: diri, pwa ak lwil pou fè manje. Asistans sa a rive nan moman gen tansyon politik ant gouvènman an ak opozisyon an. Manifestasyon k ap fèt nan peyi a, pou mande demisyon lidè ayisyen an rann li difisil pou machin transpò sikile de yon pwen ak yon lòt.

Yon lòt kote, bandi ak zam kap ransone pasan ak chofè moto kap eseye travèse nan kèk zòn ki gen barikad dapre kèk temwen, fòse anpil moun chita lakay yo. Yon manman 6 pitit pat kache endinasyon l kote peyi lock la koz menm manje li pa ka bay timoun li yo. Li mande lidè opozisyon an pou konprann sitiyasyon an.

Plizyè jèn nan zòn Solino ak Delmas 34 ki mete barikad nan zòn lakay yo fè konnen se demisyon Prezian Jovenel Moïse ya mande men yo pa nan ransone moun. Youn nan jèn yo di men ka yon chofè moto te gen yon milyon dola sou li yo pa bezwen l.

XS
SM
MD
LG