Accessibility links

Breaking News

Lapolis Arete Mari Nancy Pelosi Akoz li Tap Kondwi Sou


Foto Achiv: Paul Pelosi, a dwat, mari Lide La Chanm de Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi, ki reprezante eta Kalifoni nan kongre a.
Foto Achiv: Paul Pelosi, a dwat, mari Lide La Chanm de Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi, ki reprezante eta Kalifoni nan kongre a.

Otorite yo fè konnen arestasyon Paul Pelosi, mari lidè Lachanm dè Reprezantan Etazini an Nancy Pelosi, akoz yo te sispèk li tap kondwi sou te vini apre 2 aksidan nan zon eta Kalifoni kote yo fè diven.

Dosye lapolis montre Paul Pelosi te jwenn arestasyon ni byen ta Samdi, epi yo te lage li bonè Dimanch apre li te peye $5,000 kosyon.

Lapolis di misye taka fè fas ak lot akizasyon anko - pami yo kondwi pandan li te sou.

Yon pot pawol Nancy Pelosi di li pap fè kenn komantè sou koze a paske se yon kestyon prive.

Nancy Pelosi te pwononse yon diskou Dimanch nan Inivèsite Brown, ki sitye nan vil Providence, eta Rhode Island.

Paul ak Nancy Pelosi marye depi ane 1963.

XS
SM
MD
LG