Accessibility links

Breaking News

Lapolis ap Chache yon Sispèk an Koneksyon ak Tire ki Fèt Tou Pre yon Fèt Sipèbol nan Los Angeles


Foto Achiv: Rape Kodak Black rive nan seremoni remiz pri videyo MTV yo nan Inglewood, Kalifoni.
Foto Achiv: Rape Kodak Black rive nan seremoni remiz pri videyo MTV yo nan Inglewood, Kalifoni.

Lapolis ap chache moun ak zam ki tire 4 moun apre eskonbrit te pete tou pre yon restoran nan vil Los Angeles ki te oganize yon fèt Super Bowl (chanpyona futbol zepol kare Ameriken an). Fèt sa a te dewoule apre yon konsè atis popilè Justin Bieber.

Detekiv yo Dimanch ap mande temwen pou yo pataje tout enfomasyon ki taka ede yo idantifye sispèk la na ensidan an ki fèt bonè Samdi maten an.

Yo pa pibliye non viktim yo, men chèn televizyon NBC rapote ke rapè Kodak Black (yon Ayisyen Ameriken) te pami moun ki blese yo.

Gen 4 gason ki gen laj: 60, 24, 22, ak 19 an ki ospitalize e nan kondisyon stab.

Videyo ke rezo sosyal TMZ.com pibliye montre rapè Black kap poze pou foto ak yon gwoup moun devan restoran an nan moman eskonbrit la pete a.

XS
SM
MD
LG