Accessibility links

Breaking News

Lachin: Sèvis Sekirite Trè Sere nan Seremoni Memoryal sou Plas Tiananmen nan


Plizye milye moun nan popilasyon an an Chin patisipe nan seremoni memoryal nan Peken, sou PlasTiananmen nan Victoria Park, Hong Kong, 4 jen 2019 la.
Plizye milye moun nan popilasyon an an Chin patisipe nan seremoni memoryal nan Peken, sou PlasTiananmen nan Victoria Park, Hong Kong, 4 jen 2019 la.

Nan Peyi Lachin, sèvis sekirite a trè sere ozalantou Plas Tiananmen nan madi 4 jen 2019 la nan moman otorite yo ap chache evite tout aktivite, tout mouvman ki ta sanble ak yon rapèl operasyon sere-boulon ki te fè anpil viktim pami etidyan ki tap manifetse sou plas la sa genyen 30 tan jou pou jou jodi 4 jen 2019 la.

Otorite yo oblije vizitè yo pase anba kontwòl sekirite trè serye e an pwofondè lè yo rive sou plas la kote yo asiste yon seremoni monte drapo ki dewoule chak maten.

Gouvènman an entèdi laprès entènasyonal ale sou plas la jodi ya e yo pase lòd pou moun pa pran foto sou sa kap pase nan zòn nan.

XS
SM
MD
LG