Accessibility links

Breaking News

Masak sou Plas Tiananmen nan Lachin 4 Jen 1989 la, Kontinye Leve Kesyon nan Kominote Entènasyonal la


Plas Tiananmen nan Lachin kote masak 4 jiyè 1989 la te fè la.
Plas Tiananmen nan Lachin kote masak 4 jiyè 1989 la te fè la.

Lezetazini kalifye vyolans gouvènman chinwa te komèt sou manifestan pasifik sou plas Tiananmen nan dat 4 Jen 1989 la kòm yon masak. Lèzetazini mande e lap kontinye mande menm jan ak plizyè lòt peyi nan kominote entènasyonal la pou gen yon kont-randi piblik sou moun yo touye yo, sa yo ke yo kenbe nan prizon e sa ki disparèt yo.

Pòtpawòl Depatman deta a, Morgan Ortagus di Lavwadlamerik jedi 30 me 2019 la pandan yon konferans pou laprès, "Nou vle moun ki lage yo moun ki te nan prizon poutèt yap fè efò pou yo kenbe memwa Plas Tiananmen nan vivan e pou mete fen nan entimidasyon sou moun ki te patisipe nan manifestasyon ak fanmi yo."

Dapre Amnisti Entenasyonal, nan semèn ki sot pase yo, la polis nan la Chin mete nan prizon oubyen plase nan rezidans siveye oubyen menase plizyè douzèn militan k ap chache make dat anivèsè 4 jen an ni fanmi moun yo te touye yo.

XS
SM
MD
LG