Accessibility links

Breaking News

Lachin Rapòte Pi Gwo Bès nan Kantite Moun Ki Mouri Anba Epidemi Kowonaviris la


Yon lopital nan Lachin kote yo trete moun ki malad anba kowonaviris la.
Yon lopital nan Lachin kote yo trete moun ki malad anba kowonaviris la.

Lachin rapòte jodi jedi 20 fevriye 2020 an pi gwo bès otorite medikal yo janm resanse nan epidemi koronaviris la, yon epidedemi ki deja touye plis pase 2 mil moun sou tout teritwa a.

Depi lè koronaviris la te eklate nan nasyon azyatik la, sa gen plis pase 2 mwa, kantitie moun ki mouri te rive 2000 mil. Responsab nan komisyon sante piblik la di yo anrejistre sèlman 394 nouvo ka COVID-19 la mèkredi 19 fevriye a pa konpare ak mil 749 nouvo ka yo te konfime yon jou anvan, e kantite sa a reprezante pi gwo bès yo janm wè jiskaprezan.

Pandanstan, bilan moun ki mouri yo monte rive nan 2 mil 118 apre 114 lòt pasyan fin mouri anba epidemi an. Pou sak konsènan total ka konfime nan Lachin, total la rive 74 mil 576.

XS
SM
MD
LG