Accessibility links

Breaking News

Lachin-Kowonaviris-Politik: Peken Ekspilse 3 Jounalis Wall Street Journal


Wall Street Journal
Wall Street Journal

Otorite Lachin yo revoke otorizasyon yo te bay 3 jounalis kap travay pou jounal ameriken Wall Street Journal pou yo kouvri aktyalite a nan peyi a; yo pran desizyon sa a poutèt yon editoryal jounal la te pibliye sa pa gen lontan e ki, daprè gouvènman chinwa a, genyen yon koulè rasis.

Pòtpawòl ministè afè etranjè chinwa a, Geng Shuang, bay yon konferans pou laprès nan jounen mèkredi 19 fevriye a kote li di Wall Street Journal refize prezante eskiz pou editoryal li te pibliye nan edisyon 3 fevriye pase a avek tit: “Lachin se Veritab Moun Malad la ann Azi.” Editoryal la, ki se yon tèks pwofesè ameriken Walter Russell Mead, kritike fason Lachin reyaji aprè eklatman epidemi kowonaviris la ki touye plis pase 2 mil moun nan Lachin kontinantal depi li te kòmanse sa gen 2 mwa. Plizyè milye moun nan Lachin ak anpil lòt peyi nan lemond trape viris la tou.

The Wall Street Journal
The Wall Street Journal

Demi fraz “moun ki malad ann Azi a” se yon ekspresyon yo itilize jeneralman pa mechanste pou lonje dwèt sou sitwayen chinwa yo pou di yo se moun ki toujou malad e ki pa pwòp. Sepandan, se yon manm ekip editoryal jounal la ki te ekri tit la e non pa Pwofesè Mead ni youn nan repòtè yo. Jounal la idantifye 3 jounalis yo kòm vis-direktè biwo li nan Peken, Josh Chin, ak repòtè Chao Deng –ki se 2 sitwayen ameriken- epi repòtè Philip Wen ki se yon sitwayen ostralyen. Yo tou le 3 gen 3 jou pou yo kite tèritwa chinwa a. Ane pase a Lachin te ekspilse yon lòt repòtè Wall Street Journal, Chun Han Wong, poutèt li te ekri yon atik sou yon manm fanmi Prezidan Xi Jinping.

Depatman Deta ameriken kondane desizyon Lachin nan. Sekretè Deta Mike Pompero pibliye yon deklarasyon kote li di: “Yon peyi ki gen matirite ak sans responsablite konprann byen ke yon près lib repòte laverite e li eksprime opinyon li. Repons ki kòrèk la se pou w vini avèk agiman kontrè, e non pa pran desizyon pou w mete baboukèt sou libète lapawòl.”

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo.
Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo.

Direktè piblikasyon Wall Street Journal la, Willliam Lewis, fè parèt mèkredi 19 fevriye a yon nòt pou laprès kote li di li “desizyon Lachin pran pou l ekspilse jounalis yo, kòm yon reyaksyon kont editoryal 3 fevriye a, se yon gwo desepsyon pou mwen.” Daprè Misye Lewis, “piblikasyon editoryal la pa t sibi enfliyans sal dè nouvèl Wall Street Journal la; dayè, nou pratike yon separasyon total ant nouvèl n ap bay ak seksyon ki la pou eksprime opinyon yo.” Li ajoute jounal la “regrèt ke tèks 3 fevriye a rive bay pèp chinwa a yon rezon pou l fache e menm gen kè-sote;” men desizyon pou mete jounalis yo deyò a ap nui efò Wall Street Journal ap fè pou l satisfè nesesite pou repòtaj l ap fè depi Lachin yo se “repòtaj de kalite e ki merite konfyans.”

Club Korespondan Etranje ki nan Lachin yo fè konnen li genyen “gwo kè-sote” poutèt Peken revoke viza 3 jounalis yo e li ”kondane desizyon sa a ak tout fòs”. Klub la ajoute: “Se yon tantativ klè e egzajere otorite chinwa yo fè pou yo kraponnen òganizasyon medya etranje yo, lè yo tire revanj konsa sou korespondan etranje ki baze nan peyi a. “

Desizyon Peken pran mèkredi 19 fevriye a vini yon jou aprè administrasyon Trump la te anonse li pral trete òganizasyon medya ke Leta chinwa ap kontwole yo menm jan ak anbasad yo; sètadi y ap gen obligasyon pou yo enskri nan Depatman Deta anplwaye yo ak pwopriyete yo posede Ozetazini. Pami medya sa yo genyen ajans Chin Nouvèl avèk Rezo Televizyon Mondyal Chinwa a.

XS
SM
MD
LG