Accessibility links

Breaking News

La Risi Mande Sòlda Ikrenyen yo pou Depoze Zam yo


Tank Ris sou yon wout nan Mariupol, Ikren.
Tank Ris sou yon wout nan Mariupol, Ikren.

La Risi ap tann Dimanch pou Sòla Ikrenyen yo nan vil Mariupol ki anba syèj depoze zam yo atè.

"Pa gen okenn siy ki montre konbatan Ikrenyen ki kache nan izin asye Azovstal la ki bay sou Lanmè Azov la pral fè sa," dapre Reuters, kèk hè'd tan apre dat limit la, ki te fikse pou 0300 GMT.

Prezidan Volodymyr Zelenskyy deklare nan diskou li te pwononse Samdi swa "Sityasyon an nan Mariupol osi grav ke jamè. Se yon bagay inimen... La Risi ap fè ekspre pou'l detwi tout moun nan Mariupol."

Yon foto satelit Maxar Technologies montre faktori asye Azovstal la nan Mariupol, Ikren, April 9, 2022.
Yon foto satelit Maxar Technologies montre faktori asye Azovstal la nan Mariupol, Ikren, April 9, 2022.

Si La Risi rive kaptire Mariupol, se ta premye gran vil Ikrenyen li rive kontwole depi envazyon an te tanmen 24 Fevriye a.

Zelenskyy di li pale ak premye minis Britanik ak Swèd yo Samdi sou sityasyon an nan Mariupol, epi li mande yo pran sanksyon pi sevè toujou kont La Risi. Prezidan Ikrenyen an mande yo tou ede defann ak apiye Ikrèn.

La Risi reprann atak ak misil li yo tou kont plizyè vil Ikrenyen.

"Malgre nou tande plizyè entansyon moun ki vle ede," Ikrèn reziste avans twoup Ris yo, Zelenskyy di nan diskou li "kenn nan yo poko reyalize."

XS
SM
MD
LG