Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 10 Moun Mouri, 35 blese nan Bonbadman Larisi kont vil Kharkiv


Members of the Demining Unit of the State Emergency Service inspect the area around a heavily damaged apartment block, following an artillery attack in Kharkiv, Ukraine, April 13, 2022.
Members of the Demining Unit of the State Emergency Service inspect the area around a heavily damaged apartment block, following an artillery attack in Kharkiv, Ukraine, April 13, 2022.

Otorite rejyonal yo anonse Vandredi, ke gen omwen 10 moun ki mouri e 35 lòt blese nan bonbadman militè Ris yo te fè sou yon zòn rezidansyèl nan Kharkiv, nan Ikrèn.

Dapre premye evalyasyon ki te fèt yo , gouvènè rejyonal la Oleg Sinegoubov te anonse lanmò "7 moun, ki gen ladan yon tibebe 7 mwa".

"Yo te tire sou youn nan zòn rezidansyèl yo nan vil Kharkiv. Malerezman, 34 moun te blese, pami yo gen ladan yo 3 timoun".

Kèk èdtan apre, Biwo Pwokirè Rejyonal la te anonse ke se 10 moun ki mouri ak 35 blese.

Foto li pibliye sou kont Facebook li montre yon bilding ki pasyèlman detwi.

Byen bonè Vandredi a, 7 sivil te mouri ak 27 lòt blese nan dife Larisi sou bis evakyasyon nan rejyon Kharkiv, dapre biwo pwosekitè Ikrenyen an.

Gen plis pase 500 sivil ki te pèdi lavi yo nan rejyon ki toupre fwontyè a.

Dezyèm vil Ikrèn ki gen prèske 1.5 milyon abitan anvan lagè a , Kharkiv te tounen sib gwo batay depi lè kòmansman lagè men vil sa toujou rete anba kontwòl fòs Ikrenyen yo.

XS
SM
MD
LG