Accessibility links

Breaking News

Chèf CIA: Etazini Paka Pran a la Lejè Posibilite pou Fòs Putin yo Itilize Zam Nikleyè


CIA Director William Burns
CIA Director William Burns

Menas ki egziste pou La Risi sèvi ak zam taktik oubyen zam nikleyè randman fèb nan Ikrèn se pa yon bagay moun ka pran a la lejè, men CIA pa wè anpil prèv ki ta ranfose kè sote sa a, Direktè CIA a, William Burns deklare Jedi.

Se komantè pi detaye Burns fè an piblik depi La Risi te anvayi Ikrèn 24 Fevriye a. Envazyon an souliyen kè sote mond lan paske se pi gwo atak ki fèt kont yon peyi Ewopeyen depi 1945 e gen risk pou zam nikleyè ta sèvi nan konfli a.

Pi bonè Jedi, Dmitry Medvedev, direktè adjwen Konsèy Sekirite La Risi ak yon pwoch alye Prezidan Ris la Vladimir Putin, te lanse avètisman bay LOTAN pou di Moskou taka deplwaye zam nikleyè ak misil ipèsonik nan Kaliningrad, yon anklav Ris ki sitye nan kè Ewop la, si La Swèd ak Fenland vinn manm alyans Atlantik la.

XS
SM
MD
LG