Accessibility links

Breaking News

Biden ap Reflechi sou Posibilite pou Voye Yon Responsab Wo Plase nan Ikrèn


Prezidan Joe Biden pale ak lapres anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, nan baz aviyasyon Andrews nan eta Maryland, Jedi 14 Avril, 2022.
Prezidan Joe Biden pale ak lapres anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, nan baz aviyasyon Andrews nan eta Maryland, Jedi 14 Avril, 2022.

Prezidan Joe Biden deklare Jedi lap konsidere voye yon responsab wo plase nan Ikrèn. Se ta yon vizit wo pwofil pou souliyen angajman Washington pran vizavi peyi sa a ki anba syèj.

Lè jounalis yo mande'l si li pral voye yon responsab, Biden reponn "Se sa nap deside kounyea."

"Ou pare pou ale? yon jounalis mande Biden.

"E oumenm ato?" Biden mande jounalis la.

"Ou pare?" jounalis la reponn.

"Wi" prezidan an di.

Pi bonè nan semèn nan, sekretè de près Lamezonblanch la Jen Psaki te di Biden pat gen okenn plan pou'l vizite Ikrèn limenm. Premye Minis Britanik la, Boris Johnson fè yon vizit sipriz nan kapital Ikrenyèn nan sa pa gen lonotan, menm jan ak plizyè lot lidè Ewopeyen.

XS
SM
MD
LG