Accessibility links

Breaking News

Joe Biden Ap Konsidere Pou Voye Yon Gwo Zotobre Ameriken Nan Ikrèn


President Joe Biden speaks at North Carolina Agricultural and Technical State University, in Greensboro, N.C., April 14, 2022.
President Joe Biden speaks at North Carolina Agricultural and Technical State University, in Greensboro, N.C., April 14, 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden fè konnen ayè jedi a l ap konsidere lide pou voye yon gwo zotobre ameriken nan Ikrèn, yon vizit ki ta atire anpil atansyon, e souliyen angajman Washington vizavi nasyon an ki anba syèj.

Lè yo te mande Biden si l ap depeche yon otorite, li te reponn, "N ap deside sa kounyea."

Nan koumansman semèn nan, sekretè laprès Mezon Blanch Jen Psaki di Biden pa t gen plan vizite Ikrèn li menm. Premye-minis Grand Bretay Boris Johnson lòt jou la a te vizite kapital Ikrèn nan, menm jan ak lòt lidè ann Ewòp.

Pandan batay te kontinye nan lès Ikrèn ayè jedi a, nan 50èm jou envazyon Moskou a, LaRisi anonse ke bato ki te antèt flòt li nan Lanmè Nwa a, Moskva, koule pandan yo t ap remòke l ale nan pò a. Bato a te sibi gwo domaj nan yon eksplozyon ki te fèt abò li, e yo te evakye apeprè 500 maren ki te ladann.

Ministè Defans ris la di se yon dife ki te sote minisyon abò bato rapid la ki te la pou gide misil, men Ikrèn fè konnen se li ki te frape bato a nan yon atak ak misil.

XS
SM
MD
LG