Accessibility links

Breaking News

Laris Ogmante Frap Yo Sou Kyev


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Larisi anonse Vandredi ke li te detwi yon faktori zam nan tout savann pou bèt yo nan Kyev e asire ke frap yo sou kapital la Ukrenyen an ta dwe entansifye pou reponn a atak ki te fèt sou teritwa Ris.

Jounalis AFP yo te fè remake nan Vandredi ke yon izin nan zon Kyev te sibi atak. Izin sa a te konn fabrike misil Neptune ke lame Ikrenyen an di li te itilize pou frape bato Ris ki te koule nan mitan Lanmè Nwa a.

Jedi, Larisi te akize Ikrèn deske li bonbade kèk vilaj ki sou fwontyè a, kòm rezilta te gen plizyè blese. Ikrèn bò kote pa yo demanti akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG