Accessibility links

Breaking News

La Risi Lapide Kyèv ak Kout Misil


Lafimen monte apre yon atak ak misil Ris sou Kyev, kapital Ikren, Dimanch 5 Jyen 2022.
Lafimen monte apre yon atak ak misil Ris sou Kyev, kapital Ikren, Dimanch 5 Jyen 2022.

La Risi vize pwovizyon zam l'Oksidan voye bay Ikrèn ak atak ayeryen li lanse kont Kyèv. Ris yo deklare gen tank peyi etranje fè Ikrèn kado ki detwi nan atak sa yo.

Pandansetan, Vladimir Putin lanse yon pinga Dimanch bay peyi Oksidantal yo pou di si yo voye misil long pote bay Ikrèn, Moskou pare pou'l frape "objè nou poko vize jiskaprezan."

Menas lidè Ris la pou'l ogmante atak li yo pa presize ki sib li gen entansyon vize, men deklarasyon an vini kèk jou apre Etazini te anonse li gen entansyon voye $700 milyon asistans sekirite bay Ikrèn.

Nan zam sa yo gen sistèm fize pote mwayen ki gen anpil presizyon, elikoprè, sistèm anti-tank Javelin, rada, machin blende ak lot materyo.

XS
SM
MD
LG