Accessibility links

Breaking News

Britney Griner Resevwa, Reponn Email Jwèz WNBA yo


Foto Achiv: Britney Griner, jwez ekip basketbol feminen Ameriken Phoenix Mercury.
Foto Achiv: Britney Griner, jwez ekip basketbol feminen Ameriken Phoenix Mercury.

Brittney Griner kapab resevwa email ak lèt jwèz WNBA yo voye bay yon kont reprezantan li tabli pou pèmèt yo kominike avè'l.

Kourye elektwonik yo dwe enprime epi apre sa avoka Griner yo livre yo ba li pa bann e pa pakèt. Anvan livrezon an, otorite Ris yo gen pou gade mesaj sa yo epi bay konsantman yo.

Griner pa gen aksè ak email, li ka swa ekri yon repons sou yon mosso papye epi avoka li fè foto repons la oubyen li dikte yon repons.

Basketbolez la ki ranpòte 2 meday lò Olenpik fèmen nan prizon nan La Risi depi 104 jou.

Menm jan ak anpil jwèz WNBA, Amanda Zahui B. ki jwe pou Los Angeles Sparks vle pou Griner konnen lap panse a li nan moman li rete fèmen - nan opinyon responsab Ameriken yo - enjisteman nan La Risi.

XS
SM
MD
LG