Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy: 'Teritwa Fòs Moskou yo Kontwole nan Ikrèn ka Konpare ak Tout Teritwa Peyi Oland'

In this photo provided by the Ukrainian Presidential Press Office on May 29, 2022, Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy visits the war-hit Kharkiv region. He will address the European Council on May 30 to press for more help fighting off Russian forces

Prezidan Ukrèn Volodymyr Zelenskyy fè konnen fòs ris yo okipe apeprè 20 % nan teritwa Ikrèn, nan moman lagè a rive sou 100èm jou li e pandan batay ap kontinye nan plizyè direksyon.

Zelenskyy di teritwa ke fòs Moskou yo kontwole nan Ukrèn ka konpare ak tout teritwa peyi Oland.

Zelenskyy pa di ki mezi teritwa ke LaRisi pran depi koumansman envazyon an 24 Fevriye pase. Moskou te pran preskil Krime an 2014 e separatis ke LaRisi apiye yo te pran tou depi anvan envazyon an kèk pati nan rejyon Donbas nan lès Ikrèn, kote pi gwo batay yo ap dewoule kounyea.

Ikrèn fè konnen fòs li yo repran 20 ti bouk ak vilaj nan rejyon Kherson nan sid peyi a. Pandanstan, fòs ris yo kontinye atake Sievierodonetsk, dènye gwo vil ki swadizan anba kontwòl Ikrèn nan rejyon Luhansk nan lès peyi a.

XS
SM
MD
LG