Accessibility links

Breaking News

La Risi Lanse Atak Ayeryen Kont Izin Asye Mariupol la


Gwo nyaj lafimen kap soti nan izin asye Azovstal la nan Mariupol, sid Ikren. (Photo by Handout / Mariupol City Council / AFP)
Gwo nyaj lafimen kap soti nan izin asye Azovstal la nan Mariupol, sid Ikren. (Photo by Handout / Mariupol City Council / AFP)

Otorite Ikrenyen yo fè konnen Dimanch La Risi lanse yon atak ayeryen kont izin asye Azovstal la, nan vil sid ki rele Mariupol la, ki anba syèj.

Semèn pase a Prezidan Ris la Vladimir Putin te pase lòd pou twoup yo sènen izin sa a ke yo goumen pou kontwole. Sanble ta gen plizyè milye sòlda Ikrenyen ak sivil ki tap viv ann izin na pou mentni kontwòl li.

Pandansetan, Komite Entènasyonal La Kwa Wouj fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye Dimanch ke li "gen gwo kè sote pou sityasyon an nan Mariupol, kote popilasyon an bezwen asistans dijans." ICRC deklare "Aksè imanitè san pèdi tan e san anpechman nesesè ijaman pou pèmèt yon sof kondwi volontè pou plizyè milye sivil ak dè santèn moun ki blese pati kite vil la - e ladann gen moun nan zòn izin Azovstal la."

Bonbadman izin nan vini nan moman Ikrèn ap obsève Pak Otodòks la Dimanch, e Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy sipoze rankontre Sekretè d'Eta Ameriken an Antony Blinken ak Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin na vil Kyèv, kapital Ikrèn.

Zelenskyy di Ikrèn "ap tann kèk bagay presi ak zam presi" kom rezilta premye vizit ofisyèl responsab Ameriken nan peyi a depi La Risi te anvayi Ikrèn 24 Fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG