Accessibility links

Breaking News

Larisi Vle Kontwole Totalman Tout Pati Sid Ikrèn, daprè Jeneral Ris Minnekayev


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Moskou gen plan pou l mete men sou tout pati sid ak lès Ikrèn, daprè sa yon jeneral ris di vandredi. Konsa li anonse yon pi gwo ofansiv pase sa Larisi te rekonèt anvan sa.

Ikrèn, bò kote pa l, di deklarasyon jeneral Rustam Minnekayev la, vis kòmandan distri militè santral Larisi a, montre ke pawòl kote Moskou te di anvan sa li pa t gen anbisyon teritoryal, se pa pawòl verite. Nan yon tweet ministè defans ikrenyen an pibliye, li ajoute:

“Yo sispann kache verite a. Larisi rekonèt ke objektif dezyèm faz lagè a se pa yon viktwa sou nazi ki pa egziste; men se tou senpleman okipasyon pati lès ak sid Ikrèn. Sa se travay enperyalis.”

Prezidan ris la, Vladimir Putin, te di anvan sa Larisi pa gen pyès entansyon pou l okipe vil Ikrenyen yo an pèmanans. Larisi te anekse Prèskil Krime a an 2014, yon aksyon kominote entènasyonal la an jeneral te kondane.

XS
SM
MD
LG