Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini an Apwouve Restriksyon Prezidan Trump Mete sou Militè ki Change Sèks yo


Direktè Ekzekitif "Lig pou Jistis Jan yo," Danni Askini, pran lapawòl pandan yon konferans de près apre l te fin plede an favè militè transjan yo nan palè jistis federal Distrik wès la nan Seattle, 27 mas 2018.
Direktè Ekzekitif "Lig pou Jistis Jan yo," Danni Askini, pran lapawòl pandan yon konferans de près apre l te fin plede an favè militè transjan yo nan palè jistis federal Distrik wès la nan Seattle, 27 mas 2018.

Jounen madi 22 janvye 2019 la, Tribinal Siprèm peyi Etazini an apiye desizion administrasyon Prezidan Trump pran pou li ranfòse restriksyon li mete sou moun ki militè e ki change sèks yo, pendan tribinal ki pi ba ap kontinye tande ka kap konteste retriksyon sa a.

Tribinal wo enstans lan ranvèse desizyon tribinal ki pi ba a ki te bloke Depatman Defans lan pou l pat ka mete an aplikasyon restriksyon yo, men, pou kounnya, li refize tou konsidere li legal pou enpeche moun ki change sèks yo fè pati de fòzame amerikèn nan.

Nan ane ki sot pase yo, Pentagon te entèdi moun ki change sèks yo pou yo fè pati de fòs militè a, administrasyon ansyen Prezidan Barack Obama a te di moun ki change sèks yo e ki deja nan fòs militè a kapab rete e te gen yon dat ki te fikse pou lòt moun ki change sèks yo te kapab vin enskri.

Men, administrasyon Prezidan Trump la te revise politik sa a, e li te chache redui sèvis yo pou sèlman sa yo ki pa dèyè al fè chanjman sèks. Règleman Prezidan Trump lan aplike ni pou moun ki vle rantre nan lame a, ni pou moun ki deja ladan l.

Avèk yon majorite vòt konsevativ 5 kont 4, tribinal la te ranvèse desizyon ki kont politik administrasyon Prezidan Trump lan, pendan jij ki mwens estrik yo ki se jij Ruth Bader Ginsburg, Stephen Breyer, Elena Kagan, ak Sonia Sotomayor di yo te ka kembe desizyon an anplas epi bloke politik sa a.

Men, jij yo derefise demand administrasyon an pou deside byenfonde entediksyon li yo pazavan yon tribinal kou dapèl federal nan Kalifòni gen yon chans pou li tande ka a.

Nan ane 2017, oganizasyon dwa sivil ak oganizasyon moun ki change sèks yo te rele administrasyon Trump lan nan tribinal pou te retire restriksyon sa yo, men, administrasyon an te fè konnen ke restriksyon yo nesesè poutèt “Pakèt gwo depans medikal ak dezòd” moun ki fe pati de fòs militè a kap change sèks yo lakoz.

XS
SM
MD
LG