Accessibility links

Breaking News

Ki Moun Doktè Martin Luther King Jr Te Ye?


Dr. MARTIN LUTHER KING JR, Lidè dwa sivil Ozetazini

Martin Luther King Jr., yon nonm ki senbolize mouvman dwa sivil ameriken an te mouri asasine sa gen plis pase 50 lane, nan dat 4 avril 1968. Men kèk pwen kle nan lavi Dr. King:

Martin Luther King Jr. te fèt jou ki te 15 janvie 1929 la, nan vil Atlanta ki trouve l nan eta Georgie. Li se pitit gason Martin Luther King Sr, ki te yon pastè e lidè dwa sivil trè koni, ansanm ak Alberta King ki te yon ansyen pwofesè lekol. Dokte king di ke li te dekouvri sak rele rasis la alaj 6 zan, le papa yon zanmi l ki te blan pat vle pitit gason l lan jwe ave l.

Dr. King te vin seleb nan mitan ane 1950 yo pendan li te yon jèn pastè li te mennen yon kanpay ki te rive derasine rasis nan transpo piblik nan Montgomery, eta Alabama. Dr. King te fòse vil la mete fen ak pratik kote pasajè nwa pat gen dwa chita menm kote ak pasaje blan. Li te oganize pwotestasyon toutokou ane 1950 ak 1960 yo kont diskriminasyon nan zòn sid peyi a nan yon lit pou nwa te vin egal ego ak tout moun epitou pou yo te gen dwa pou vote tou.

Doktè King te konprann ke youn nan kle siksè pou mouvman dwa sivil la se te estrateji pou fè manifestasyon san violans ke li tap preche kom yon altenativ a soulèvman ame a. Dokte King di ke li te jwenn enspirasyon sa nan leson lidè indyen Mahatma Gandhi. Mouvman sa a te teste nan plizyè zon tankou Birminghan, eta Alabama, kote polis te kon itilize atak chyen ak tiyo dlo pou dispèse elev lekòl kap fè manifestasyon, ak nan Selma, eta Alabama, kote yon mach ki te fèt nan lane 1965 rete nan memwa moun kòm yon “dimanch san” paske polis te atake manifestan yo.

Diskou Dokte King ki pi popilè a “Mwen Fè yon Rèv” te lanse sa ki te plis yon mouvman nwa nan zòn sid la an yon kanpay dwa sivil atravè tout peyi a. Distans pou rive nan mwa dawout 1963, demand pou egalite a te ogmante konsiderableman atravè peyi a, e 250 mil moun, nwa ak blan, te voyaje nan kapital peyi a pou patisipe nan mach nan Washington nan. Manifestasyon sa te fèt an pè san ankenn arestasyon.

Mouvman dwa sivil la te atenn pi gwo pwen li nan lane 1964, lè presidan alepòk la Lindon Johnson te siyen lwa sou dwa sivil, ki te vin ran diskriminasyon rasyal yon bagay ilegal nan tout plas piblik, e doktè King te ranpote pri nobèl lapè. Yon ane apre, lwa sou dwa de vòt te entèdi tout pratik moun te kon itilize pou nwa pa patisipe nan eleksyon yo.

Nan jou ki te 4 avril 1968 la, yon gren katouch te tiye doktè King ki te trouve l sou yon balkon nan yon otèl nan Memphis ki nan eta Tennessee, kote li te trouve l pou li te al sipòte travayè sanitasyon yo ki tap obsève yon sispansyon travay. James Earl Ray, yon segregationis, te plede koupab kòm sispèk yo te akize ki te tire sou doktè King, e li te pase tout rès vil nan prizon.

Doktè King ki te genyen 39 lane sou tèt li lè li te mouri a, te bay yon diskou lannwit avan l te mouri a ki te predi asasinay li lè li te deklare “ E Mwen Wè Tè Pwomi a. Mwen Ka Pa Ka Ale la Avek Ou, Men Mwen Vle Pou ou Konnen Aswè a Ke Nou Antann Ke Nap Rive La.”

XS
SM
MD
LG