Accessibility links

Breaking News

Jistis USA: La Mezon Blanch ak yon Jounalis, Jim Acosta, ap Reponn Devan Lajistis

Jounalis CNN Jim Acosta t ale tribinal pou l suiv prezantasyon yon defi legal kont gouvènman Trump la. (Washington 14/11/ 2018).
Jounalis CNN Jim Acosta t ale tribinal pou l suiv prezantasyon yon defi legal kont gouvènman Trump la. (Washington 14/11/ 2018).

Chèn televizyon pa kab CNN depoze yon plent kont Administrasyon Trump la nan kad efò k ap fèt pou retabli akreditasyon youn nan jounalis televizyon an, Jim Acosta.

CNN pa sispann di revokasyon akreditasyon Misye Acosta a se yon vyolasyon dwa premye amandman konstitusyon amerikèn nan ki garanti libète laprès epi 5èm amandman an ki oblije otorite yo ofri yon trètman jis e ekitab nan administrasyon lajistis.

Asosyasyon korespondan de près ki akredite nan La Mezon blanch yo pibliye yon deklarasyon pou yo apiye aksyon an jistis CNN nan. Pami rezo nouvèl ki pran pozisyon sa a genyen chèn televizyon Fox News.

Prezidan Donald Trump te lonje dwèt li sou korespondan CNN nan, Jim Acosta, pandan yon anplwaye La Mezon Blanch t ap eseye pran mikwo a nan men jounalis la pandan yon konferans pou laprès t ap dewoule nan Sal Es palè a. (Washington, 7 nov. 2018).

Pou mete dosye a nan kontèks li, an n di semèn pase a Administrasyon Trump la te deside revoke akreditasyon Acosta kòm korespondan CNN nan La Mezon Blanch aprè yon diskisyon piblik te pete ant jounalis la ak prezidan an epi avèk yon asistan sekretè laprès Mezon Blanch la, Sarah Huckabee-Sanders. Kesyon jounalis la te santre sou yon deklarasyon lidè ameriken an te fè nan yon konferans pou la près kote li te dekri karavàn migran k ap sòti nan Amerik Santral la kòm "yon envazyon tèritwa ameriken an." Otorite yo nan La Mezon Blanch akize Jim Acosta dèske li te mete men li sou asistan Madam Huckabee-Sanders yon fason ki pa akseptab alòske dam nan t ap eseye wete mikwofòn nan nan men repòtè a pandan misye t ap diskite avèk lidè ameriken an.

Kòm jounalis, Jim Acosta gen repitasyon kòmkwa li abitye poze Prezidan Donald Trump ak lòt gwo otorite nan Mezon Blanch kesyon ki di anpil.

XS
SM
MD
LG