Accessibility links

Breaking News

Konseye Sekirite Nasyonal Etazini an, John Bolton, Kwè Iran Reponsab Aktak sou Kontenè Petwòl yo


Konseye Sekirite Nasyonal Etazini an, John Bolton.
Konseye Sekirite Nasyonal Etazini an, John Bolton.

Konseye sekirite Nasyonal Etazini an, John Bolton deklare madi 28 me 2019 la li prèske sèten ke Iran responsab pou atak ki te fèt nan kòmansman mwa sa a sou kèk sitèn petwolye sou kòt Emira Arab Uni yo.

Pandan Mesye Bolton tap pale ak jounalis yo pandan yon vizit lap fè nan Abu Dhabi pou sa li rele chita-tande enpòtan sou kesyon sekirite rejyonal; deklare se yon mann naval ki eksploze sitèn petwolye yo.

Responsab la pa bay prèv pou sipòte deklarasyon li an. Iran te demanti responsablite pou atak sa a.

XS
SM
MD
LG