Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon Jounen Amistis yo ap Chache Tounen Nan Eta Nomal yo Apre Pandemi a


Prezidan Franse a Emmanuel Macron kanpe devan Tonbo Solda Enkonu a anba Arc de Triomphe la nan Paris, 11 Nov. 2021.
Prezidan Franse a Emmanuel Macron kanpe devan Tonbo Solda Enkonu a anba Arc de Triomphe la nan Paris, 11 Nov. 2021.

Komemorasyon jounen Amistis la ke moun toupatou nan mond lan obsève ap dewoule nomalman ane sa a, apre pandemi kowonaviris la te gate ane pase a, seremoni yo te planifye. Jounen Amistis la make jou nan ane 1918 kote Premye Gè Mondyal la te fini.

Diyitè ak chèf d'eta nan atravè Fron Oksidantal la ann Euwop te fè yon poz pou sonje dè milyon moun kite pèdi lavi yo pandan lagè sa a ki te dire 4 an.

Prezidan Franse Emmanuel Macron pale ak Vis Prezidant Etazini Kamala Haris pandan seremoni Jou Amistis la, 11 Nov. 2021.
Prezidan Franse Emmanuel Macron pale ak Vis Prezidant Etazini Kamala Haris pandan seremoni Jou Amistis la, 11 Nov. 2021.


Nan vil Paris, Prezidan Emmanuel Macron ak Vis Prezidan Ameriken Kamala Harris te patisipe nan yon seremoni ki onore fason La Frans ak Lèzetazuni te travay kòt-a-kòt pou fose l'Almay bat yon retrèt epi bay le gen, 11 Novanm 1918.

Lot nasyon alye yo, soti depi Grand Bretay pou rive Ostrali, Nouvèl Zeland ak Afrik di Sid, oganize seremoni tou e yo te obsève yon moman silans nan memwa viktim yo jodi Jedi a.

XS
SM
MD
LG