Prezidan Joe Biden fè konpliman pou ansyen militè Etazini yo (veteran lagè peyi a) ki, daprè li, reprezante "kolòn vètebral Etazini." Lidè ameriken an pale konsa pandan dewoulman yon seremoni ki komemore Jou Veteran yo jedi 11 septanm 2021 an. Se premye fwa Misye Biden make fèt nasyonal sa a antan ke prezidan. Nan okazyon an, li depoze yon jèb flè, nan kòmansman jounen an, devan tonbo sòlda enkoni an nan Simityè Nasyonal la nan Arlington, Eta Vijini. Prezidan Biden deklare:
"Lè n ap pale de lagè, pa gen risk ni pri ki twò gwo pou fanm ak gason k ap goumen pou peyi yo."
Anvan sa nan jounen jedi a, administrasyon Biden nan te anonse li pral fè plis efò nan nivo federal la pou chache konprann, idantifye epi trete pi byen pwoblèm sante sòlda ameriken yo konfwonte lè yo deplwaye nan anviwonnman malouk ki pa bon pou lasante.
Yon pitit gason Prezidan Biden, Beau Biden, te mouri ak yon kansè nan sèvo apre li te fin fè sèvis militè li ann Irak. Efò konsènan move kondisyon anviwonnman batay yo ke Prezidan an anonse jedi 11 novanm nan, pral santre sou pwoblèm poumon lakay sòlda ki respire lè anpwazonnen -pwoblèm yo vin devlope apre yo fin kite lame.