Accessibility links

Breaking News

Etazuni ap Komemore Fèt Veteran yo


Prezidan Joe Biden depoze yon jeb fle pou komemore Fet Veteran yo nan Simitye Nasyonal Arlington nan, 11 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden depoze yon jeb fle pou komemore Fet Veteran yo nan Simitye Nasyonal Arlington nan, 11 Nov. 2021.

Etazuni ap komemore jodi 11 Novanm nan, Fèt Veteran yo. Se yon fèt nasyonal kote Ameriken rann omaj ak militè ki sèvi peyi yo.

Etazuni make fèt sa a ak seremoni epi parad toupatou nan peyi a.


Sekretè Defans Lloyd Austin depoze yon jèb flè nan Tonbo Solda Enkonu a, yo moniman istorik ki dedye nan l'onè militè Ameriken ki mouri nan lagè men ki swa disparèt oubyen kadav yo poko janm idantifye.

Jandam Ameriken ap veye epi salye Tonbo Solda Enkoni a nan Simitye Nasyonal Arlington nan, 11 Nov. 2021.
Jandam Ameriken ap veye epi salye Tonbo Solda Enkoni a nan Simitye Nasyonal Arlington nan, 11 Nov. 2021.


Ane sa a make 100èm anivèsè tonbo a ki sitye nan simityè nasyonal Arlington nan, tou pre Washington.

Fèt nasyonal la te komanse nan ane 1926. Nan epok la moun te konnen'l sou non Jou Amistis la - pou komemore jou kote Almay te bay le gen nan Premye Gè Mondyal la, 11 Novanm 1918.

Kongrè a te chanje non an pou fè'l tounen Fèt Veteran yo an 1954, e jodia Ameriken rann omaj ak tout veteran militè yo, pa sèlman sa yo ki te goumen nan lagè. Fèt sa a diferan ak Memorial Day - ke Etazuni fete nan mwad Me a, pou rann omaj a moun ki mouri pandan yo te nan sèvis militè.

Etazuni gen apepre 18 milyon veteran, dapre enfomasyon sèvis resansman Ameriken an pibliye.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG