Accessibility links

Breaking News

Kiba: Jounal Leta a Kontwole Pral Redui nan Kantite Pwodiksyon yo


Yon nonm kap li jounan li ak sigarèt li nan men l nan Lahavann Kiba,13 septanm 2016.
Yon nonm kap li jounan li ak sigarèt li nan men l nan Lahavann Kiba,13 septanm 2016.

Nouvèl ki soti Kiba fè konnen gouvènman an anonse yon rate materyèl enprimri pral obliye 6 jounal rejim nan kontwole koupe sou kantite paj yo pibliye, menm jan yo pral koupe sou kantite jou yo te konn parèt chak semèn.

Se yon siy ki montre Kiba ap fè fas ak yon gwo mank deviz. Nan nimewo jounal ofisyèl la, GRANMA, pibliye jedi 4 avril la, li fè konnen ògàn ofisyèl Pati Kominis Kiben an ak anpil lòt jounal pral bese kantite paj yo, kap soti nan 16 pou l tonbe nan 8 pandan 2 jou: mekredi ak vandredi.

Chanjman sa a ap kòmanse vandredi 5 avril 2019 la. Kanta pou jounal Lig jenn Kominis yo, an palan de Juventud Rebelde, li pral sispann parèt chak samdi.

XS
SM
MD
LG