Accessibility links

Breaking News

Kiba Gen yon Nouvo Prezidan ki Pou Lapremyè Fwa Pa Soti nan Fanmi Castro

Prezidan sòtan kiben an, Raul Castro, agoch, ak men li anlè bò kote akote vVs-prezidan an, Diaz-Canel, nan mitan, pandan yon seremoni nan Asanble Nayonal pou vòt sou eleksyon prezidan syèl la nan La Havane 18 avril 2018.

Vis Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, tounen premye prezidan kiben ki pa soti nan fanmi Castro a depi prèske 60 tan. Gouvènman kiben an di msye Diaz-Canel se sèl kandida ki jwenn nominasyon pou pòs la apre yon pwosesis ki dire 2 jou nan Asanble Nasyonal la.

Pòt pawòl depatman deta ameriken , Heather Nauert, ki tap reyaji sou pasasyon pouvwa sa a fè konnen, "Tranzisyon sa a soulve kè sote bò kote administrasyon Donald Trump la akoz pwosesis la pa demokratik."

Dapre konstitisyon Kiba a, Prezidan sòtan an, Raul Castro, 86an, toujou rete nan tèt pati kominis la kòm gid siprèm Fòs sosyete ak leta peyi a.

Sèl kandida pou pòs nominasyon prezidan an, Miguel Diaz-Canel, gen 57 tan sou tèt li; lap genyen pou l pase 5 kan sou pouvwa ki kòmanse jodi jedi 19 avril 2018 la, jou prestasyon sèman li kòm nouvo prezidan Kiba.

XS
SM
MD
LG