Accessibility links

Breaking News

6èm Rankont Bilateral ant Lèzetazini ak Kiba Dewoule Madi 19 Septanm 2017 la


Koulwa otèl Capri a nan Lahavann, Kiba.
Koulwa otèl Capri a nan Lahavann, Kiba.

Sou kalandriye diskisyon yo te genyen, antwòt, kesyon maladi ki antre sanzatann sou diplomat ameriken ki nan Kiba yo.

Lèzetazini ak Kiba òganize 6èm rankont bilateral yo nan jounen yè madi a. Se premye rankont konsa ki fèt ant ofisyèl 2 peyi yo depi Prezidan Donald Trump te monte sou pouvwa a. Li dewoule kèk èd-tan aprè Misye Trump te pran lapawòl devan tribin Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an kote li te deklare li konsidere gouvènman kiben an kòm "yon rejim kowonpi e kap destabilize lòt peyi a."

Pi ta anbasad Kiba nan Washington te reponn pou l di li konsidere deklarasyon Prezidan Trump yo kòm "pawòl derespektan, innakseptab e ki antre nan zafè prive yon lòt peyi." Diplomat 2 peyi yo te abòde tou dosye maladi ki tonbe sanzatann sou diplomat ameriken ki nan La Avann yo. Apre rankont la, Depatman Deta a pibliye yon deklarasyon ki di:

“Lèzetazini di, yon lòt fwa ankò, li gen gwo kè-sote pou sekirite manm pèsonèl diplomatik ameriken an nan La Avàn e li ensiste sou nesete ijan ki genyen pou yo idantifye koz ensidan sa yo epi garanti y ap sispann.”

Prensipal reprezantan Kiba nan Amerik yo, Josefina Vidal, rejte tout enplikasyon ou konesans Kiba konsènan yon atak kèlkonk sou sante diplomat ki sou tèritwa li. Omwen 21 manm misyon diplomatik Lèzetazini an nan Kiba ap soufri sanzatann ak divès maladi; kèk diplomat kanadyen ak manm-fanmi yo rapòte menm pwoblèm yo.

XS
SM
MD
LG