Accessibility links

Breaking News

Kèk Jou Anvan Fèt Nwèl la, Anpil Peyi Gen Je Brake Sou Varyan Omicron nan


Moun pase devan yon pannkat ki mande sitwayen yo mete mask pou anpeche COVID-19 pwopaje, nan Nottingham, Anglete, 20 Dec. 2021.
Moun pase devan yon pannkat ki mande sitwayen yo mete mask pou anpeche COVID-19 pwopaje, nan Nottingham, Anglete, 20 Dec. 2021.

Prensipal sendika enfimyè Grand Bretay la lanse avètisman pou di yo bouke e kounyea gen yon go ogmantasyon ka kowonaviris y'ap eseye jere, ki lakoz yo prèske rive nan limit yo.

Avètisman sa a mete presyon sou gouvènman Britanik la pou'l enpoze nouvo restriksyon pou bese to enfeksyon yo ki ogmante 17 wotè gras ak varyan omicron an.

Nouvèl la siyale Premye Minis Boris Johnson gen 2 chwa difisil devan ni. Youn se gate plan dè milyon moun te genyen pou fèt fen d'ane yo pou 2èm fwa youn apre lot. Lot chwa a se fè fa ak yon kokenn chenn vag ka kowonaviris ki taka lakoz anpil aktivite kanpe.

Anpil gouvènman ann Euwop ak Lèzetazini ap konfwonte menm dilèm nan, pa rapo ak kijan yo pral jere koze varyan omicron an kounyea.

XS
SM
MD
LG