Accessibility links

Breaking News

Brezil: Yon Jij Ekzije Sètifika Vaksinasyon pou Vwayajè Antre nan Peyi a


Viajeros con mascarillas provenientes de Europa llegan al aeropuerto de Sao Paulo, en Brasil, donde se repotó el primer caso de coronavirus en América Latina el 26 de febrero de 2020.
Viajeros con mascarillas provenientes de Europa llegan al aeropuerto de Sao Paulo, en Brasil, donde se repotó el primer caso de coronavirus en América Latina el 26 de febrero de 2020.

Yon jij nan Kou Siprèm peyi Brezil deside samdi a pou-l mete obligasyon pou vwayajè k ap antre nan peyi a prezante yon sètifika vaksinasyon kont Covid-19, pou evite gaye nan peyi a varyan Omicron nan.

Desizyon an, ki bezwen gen apwobasyon 9 lòt jij nan Kou Siprèm federal la, se repons pou yon demand pati Sant-Goch-la. Anvisa, ajans ki kontwole sante nan Brezil la, te rekòmande pou ekzije vwayajè yo prezante yon paspò sanitè lè yo ap antre nan Brezil, yon peyi ki deja konfime pou pi piti 8 ka varyan Omicron nan e ki ap tann plis touris pou fèt fen ane a.

Jair Bolsonaro
Jair Bolsonaro

Gouvènman prezidan ekstrèm dwat Brezil la, Jair Bolsonaro, repouse mezi sa a madi 14 Desanm 2021 an, kote branch ekzekitif la te chwazi yon karantèn 5 jou obligatwa pou vwayajè ki pa vaksinen, yon mezi ke Anvisa tou te rekòmande.

Brezil: Yon Jij Ekzije Sètifika Vaksinasyon pou Vwayajè Antre nan Peyi a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:16 0:00

Jij Kou Siprèm Luis Barroso di nan desizyon li a ke se sèlman "vwayajè ki pa kalifye pou vaksinasyon pou rezon medikal," swa akoz yo soti nan peyi ki pa ouvè vaksinasyon pou tout moun, swa pou "rezon imanitè," ke yo ka mete an karantèn ann arivan yo nan Brezil.

XS
SM
MD
LG