Accessibility links

Breaking News

Jeneral Ki Sezi Pouvwa a nan Soudan Re-Nomen Tèt Li Chèf


Lide milite peyi Soudan an, Jeneral Abdel-Fattah Burhan pale pandan yon konferans pou lapres nan Khartoum, 26 Oct. 2021.
Lide milite peyi Soudan an, Jeneral Abdel-Fattah Burhan pale pandan yon konferans pou lapres nan Khartoum, 26 Oct. 2021.

Jeneral pi wo grade peyi Soudan an re-nomen tèt li chèf gouvènman lame a dirije, nan sa ki sanble yon siy lap kenbe fèm, 2 semèn apre yon kou d'eta ki jete gouvènman tranzisyon sivil tap dirije a.

Devlopman sa a jodi Jedi a vini apre lame a te pwomèt pou'l remèt pouvwa a bay otorite sivil yo. Depi kou d'eta 25 Oktob la, plis pase 100 responsab gouvènman an, lidè politik manifestan ak militan fèmen nan prizon.

Soudan te nan mitan yon tranzisyon framil depi 2019, apre yon revolt pro-demokrasi te dechouke otokrat Omar al-Bashir sou pouvwa a.

Nominasyon jodia pral siman vekse mouvman pro-demokrasi peyi a, ki derefize pou militè yo fè pati gouvènman an.

XS
SM
MD
LG